Rodney Jayson Moise posted a status
Nov 20, 2022
Bonswa se yon gran plezi poum rejwenn platfòm nan. M kontan pami nou e mwen espere nap byen akeyi m nan fanmi an. Nou gen yon sèl rèv an komen ki se Ayiti,ann kolabore pou li. Mwen deside bay tout mwen menm pou peyi m.

You need to be a member of Ayisyen Otantik | The Haitian Alliance Network to add comments!

Join Ayisyen Otantik | The Haitian Alliance Network

Comments

  • Bonswa Rodney Jayson Moise. Mwen byen kontan pataje espas Ayisyen Otantik la avew. Ou bay enpresyon yon jenn ki gen anpil fyète pou peyi w. Mwen felisite w. Alo nou bezwen plis jenn tankou w sou platfom sa a. Pwoblem Ayiti a se nou menm ki pou met men ansanm pou nou rezoud li.

  • Rodney Jayson Moise  Se lan ki rejyon / depatman wap viv an Ayiti? 

  • Salut Rodney
    Depi w te chwazi pouw inskri sou platfom sa a , sa deja pwouve ou se yon Ayisyen Otantik. Ajoute sou plan ekonomik platfom Ayisyen Otantik yo, espas sa a se yon espas ki pemet nou konekte yon ak lot nan lanmou ak respe patriyotik e se koneksyon sa a ki pral ede nou debouche sou yon Ayiti tounef. ONE LOVE MY BROTHER!
  • Rodney fre mwen se yon gwo onè pou nou genyen w avèk nou sou platfom Ayisyen Otantik ki gen yon misyon espesyal pou Ayiti. Ou lakay ou e nou se yon sel fanmi lan espas sa a kap batay pou nou non selman bay Ayiti yon lot direksyon men objectif prensipal se bati yon lot sosyete.
This reply was deleted.